EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2) header
EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2) profile picture

mlibere kèk tweet detanzantan kite yo avayi sistèm ou

Joined February 2020
Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)Photo by EDOUARD Moïse (@EDOUARDMose2)
Okòmansman, ou santi ke patnè ou se Bondye ki voye l sou chimen w, men kòm tan ap pase, ou reyalize ke Bondye pa konnen anyen sou moun sa a.
1
48
Tanpri fè atansyon ak mo ou yo, ou pa gen okenn lide konbyen fwa li pral repete nan tèt yon moun.
51
Kontak ou se yon pati enpòtan, kiyès ou gen nan kontak ou vle di anpil bagay, e nivo w nan yon sèten inisyativ enpòtan kontak ou se yon pwen fò nan ede w jere sa. Byen chwazi moun ki pral fè pati anviwònman kontak ou 🥂
1
50
Même dans les moments les plus difficiles, n'abandonnez jamais.
2
65
Ouvri kè w epi resevwa tout bon ènèji pozitiv ki vle anvayi sistèm ou, ke abondans, pwosperite, lajwa, sante, byennèt, siksè, lanmou toujou akonpanye w.
2
58
Tout sa w resevwa nan lavi kòm rezilta gen rasin li, ki kote dezisyon w ap pran yo anrasinen ?
2
44
Renmen tèt ou, renmen moun, men toujou sonje renmen moun avan lajan.
2
41
Toujou aprann envesti w nan sa w renmen, pa gen pi bèl eksperyans ke lè w ap fè yon bagay ke w pran plezi ladan l, menm si pwosesis la chaje doulè y ap pito tounen angrè pou ede w detèmine jis nan rasin volonte w pou jwenn rezilta ou vle an.
4
Si l fasil pou li, pa panse l pral fasil pou ou, anpil moun pran nan pyèj sa, sonje kwoke makout ou wotè men w ka rive paske reyalite chak moun diferan.
2
Se pa tout lè pasyans pote bon nouvèl, dèfwa se direksyon w dwe chanje pou jwenn rezilta.
3
Si w vle chanje anpil bagay nan lavi w, jis chanje abitid ou.
2
Aprann konsève enèji w, lè w jwenn bagay serye pou pa plenyen fatig.
2
Chak fwa ou fè yon erè pa blame tèt ou ni sitiyasyon an, eseye chèche konn rezon ki pouse pwoblèm nan rive a, apre poze w pou konprann li pwochèn fwa lè w ap vanse w ap tou gen yon solisyon akonpanye w. pa bliye BONDYE ba ou pouvwa pou domine, pa kite se yo ki domine w.
2
Gen bagay ou fèt avèk yo, pa gen dout nan sa, gen lòt se ou ki pral chèche yo. Fòk ou konnen nan wout lavi a youn nan pi gwo obstak ki egziste li rele chute, pandan w nan wout lavi an pridans ou pa sèten sonje mande BONDYE pran kontwòl tout bagay paske sila wè fen avan kòmansman.
2
Pa gen pi bèl bagay ke lè tout sa w ap fè sou kontwòl BONDYE, souvan li esplike w klèman nan entuisyon w meyè metòd k ap ede w jwenn rezilta k ap ouvri pi gwo wout ou bezwen an. Sonje rezilta pa nou limite Men rezilta BONDYE ede nou jwenn yo ilimite, jis fèl konfyans.
2
Ouvè pòt ak sa ki kapab pèmèt ou santi w byen, nou nan yon moman ki vrèman fèmen nou ak fènwa, chak fwa w jwenn chans souri pa pè deplaye kè kontan w, pa kite depresyon fini ak nou.
2
Mwen envite w swuiv kont sa ou p ap regrèt
Toujou sipòte zanmi w lan, ankouraje l fason w kapab, pa gen pi gwo jès lanmou lè w konnen sa pou fè ak moman egzat ou dwe fè aksyon an. #ankourajel #konseyel #achete_nan_menl #envesti_nan_rèv_li Pa envite l pran plezi sèlman, men fèl di w ki pi bon fason ou ka ede l vanse ✅
2
Lè sa bon fè kè w kontan, lè sa chanje konprann sa k pase an, epi itilize leson ki andedan li an kòm solisyon pou l retire souri w yon 2èm fwa.
2
Ou vizite atik sa deja zanmi m ?
Hello zanmi m janm te pwomèt deja sou paj lan, atik lan disponib kounya / *Yon klik zanmi m* M ap kontan jwenn reyaksyon w m.facebook.com/story.php?sto…
3
Sa m ap di w la se vre wi, si w pa gen ase rekonesans w ap toujou santi w mizerab, lè w se yon moun ki konn valè minimòm, ou p ap deranje lè l vin maksimòm, aprann di mèsi pou sa w genyen pandan w dispoze lespri kreyatif ou pou travay ak yo. Pa mete fokis sou sa w pa genyen.
3