Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby) header
Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby) profile picture

Kont Twidè ki baze sou medsin prevantiv, motivasyon, koze jèn, elatriye

Haiti
Joined September 2018
Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)Photo by Doc Exama (Sante Anba Tonèl) (@Examabby)
Pa pete ti bouton sa yo nan bouch bebe! Avanyè, yon dam ap eksplike li pete yo ek tèt epeng! Non non! Sa yo nòmal e yo prale pou kont yo! Se akoz efò bouch bebe ap fè pou rale lèt nan tete manman yo, sa rele 'Cloques de succion' ! Pataje Svp!
45
Kote ou wè yo touche nan imaj la, evite peze li, se yon kote sansib lakay timoun, zo tèt ti bebe a poko finn fòme, pa peze li, menm si ou santi pati sa ap bat, se nòmal! Si ou ta remake li gonfle oubyen twò fon, vini ak bebe lopital an ijans!
46
Si wap bwè yon medikaman sou fòm sa, pa pete li pou bwè sibstans ki anndan an! Bwè li konsa! Menm si li difisil pou vale, bwè li konsa!
34
Nou toujou tande yap di, depi ou bwè yon Ginès, epi ou gen dyare touswit, se paske ou gen viris VIH/Sida nan san ou! Epa vre! Manti! Manti! Sispann ak koze sa! Fè malere pè bwè Ginès😀!
62
Ou gen ti bebe lakay ou? Anrejistre foto sa! Lap itil ou!
30
Jodi a se jou Enfimyè yo, Poto Mitan nan Sistèm Medikal la, san yo pa gen lopital, san yo pap gen bon sipò ak malad! Enfimyè yo merite pi bon Tretman, pi bon Salè! Bòn Fèt ak tout Enfimyè🤗🥰❤️!
37
Krèm Bouboun? Se konsa gason rele sibstans sa nap gade nan foto a! Selon yo, depi fi a gen lontan li pa fè sèks, li dwe bay li! Vajen an gen kapasite netwaye tèt li pou kont li, lè konsa li bay krèm sa! Li pa gen rapò ak dènye fwa fi a fè sèks! Anpil relasyon kraze pou krèm sa!
127
Moman chalè a rive, anpil moun ap dòmi ak vantilatè fikse sou yo, men chak maten lè yo leve, yo santi tèt fè mal, tèt lou, nen bouche! Se akoz van ki fikse sou yo a ki seche ti twou nan vizaj ak sèvo nou ki rele 'Sinis'! Evite fikse vantilatè a dirèk sou nou!
36
Anpil fi nan gwo diskisyon ak mennaj, mari yo, akoz mesye yo wè yap pran konprime planin pou Kis nan Ovè! Mesye yo panse se pretèks ak manti medam yo ap fè! Wi, medsin sèvi ak konprime planin pou ka anpeche plis Kis fòme ak lòt rezon ankò! Bagay sa kraze anpil relasyon a distans
33
Yon jou tankou 5Me, mwen te lanse paj Sante Anba Tonèl sou Fesbouk! Ss gen plis pase yon lane mwen pa aktif sou paj sa! Jodi a 5Me, m pase anonse nou ke nou pral rejwenn kontni ankò, men se sou paj sa nap jwenn yo! M kreye yon nouvo paj! Mèsi deja pou sipò nou!
1
1
40
Chokola nwa chaje nitriman tankou 'mayezyòm, zen, fè! Li bon pou sante trip nou, sa nou rele entesten an! Li se yon antistrès natirèl, li bouste bon imè! Li gen yon sibstans ki rele 'Flavonoïdes' ki redwi kolestewòl! Chokola Nwa gen anpil bon vèti! Bòn Fèt Sen Valanten!
1
31
Yon Ane 2025 san kontni nou pa oblije baze sou koze bouboun vire tounen jan pifò kreyatè kontni medikal yo renmen fè a! Ane 2026 la, nou pwomèt ou pi bon kontni toujou, divèsifye, enteresan, edikatif! #Sante Anba Tonèl! #Ti Show de Ouf#
29
Jodi a se jou Tchaka! Kiyès nan 2 sa yo ou pi renmen? Tchaka mayi ak pwa ak vyann kochon oubyen mayi kase ak lèt? Mwen menm, se mayi kase ak lèt, m paka manje tchaka mayi ak pwa a🥲
1
39
Pandan gede a rive la, gen moun ki pap ale nan simityè ni nan mòg! Yap menm evite pase nan zòn ki gen selebrasyon sa yo, sa rele 'Nécrophobie'! Moun sa yo pa tolere an kontak ak anyen ki gen rapò ak mò! Ou konn youn konsa?
1
36
Gen moun ki pè razè, ki pè pa gen kòb, nan yon nivo ke yo ka gen kòb lan la, yo gen yon bagay yo bezwen achte men yo pito sere li paske yo paka rete san kòb la menm! Sa rele 'Chrométophobie'! Depi moun sa yo wè yo razè, yo pa alèz menm😀! Ou konn yon moun konsa?
34
Osi biza ke sa ka parèt, nan lis 'phobies' nap wè pandan mwa sa, gen fi ki paka wè peni gason an ereksyon! Yo paka wè gason toutouni sitou si peni gason sa an ereksyon! Sa rele 'Phallophobie'! Ou konn yon moun konsa?
1
1
62
Si imaj sa deranje ou, sa vle di ou gen yon bagay lakay ou ki rele Trypophobie! Se moun ki paka gad imaj ki gen ti twou konsa!
1
1
56
Se Mwa yo dedye ak kanpay, sansibilizasyon pou maladi ak kansè nan tete Fanm! Nap pote anpil kontni pou nou sou Sijè sa pandan Mwa Oktòb la! Medsin Prevantiv se Kle a🫡! Ansanm nan bèl Kanpay sa!
29
Eske nou konnen gen moun ki pè relasyon seksyèl? Ki pè koze fè bagay, ki pa alèz ditou nan zafè sèks? Moun sa yo paka tande anyen ki gen rapò ak sèks! Sa rele 'Génophobie'!
1
4
184
Gen moun ki pè piki anpil ak tout sa ki pwenti tankou piki! Yo pa prale lopital, yo pap fè egzamen, yo pa dakò yo ba yo piki menm menm! Sa rele 'Bélénophobie'! Kote moun ki konsa yo😅?
1
4
113