Salouwe konpatriyòt yo, jodi a kote nap fè yon limyè sou dyaman sa ki antere nan komin Baradè a. Pagen lontan pwofesè Etzer Emile te de pasaj nan Miragwàn pou l te prezante emisyon Education économique. Nan emisyon sa yo te pase sou potansyèl Nip e yo te mansyone
#yonlotvizyon
61
Salouwe konpatriyòt yo, jodi a nou moute anlè tèt mòn nan 4e seksyon pou n ba w on ide de jan sa ye men tou nap konstate jan nou aji mal ak anvionman nan nan koupe pye bwa. Annou valorize latè pou n ka jwenn yon bon repons pou demen. Bon sole tout moun Baradè alawonnbadè.
65
Salouwe konpatriyòt yo, Baradè se lakay mwen, tan m, san m, pasyon m se pou li. Pale byen de li se de mwen ou pale byen, pale mal de li se idem pou mwen. Fèl mal, fèl soufri, fèl ditò se zantray mwen menm ou rache paske mwen makonnen avè l, men fè l byen tou se pou mwen ou fè l.
3
47
Salouwe konpatriyòt yo, tout moun andeyò parèy mwen yon konn pwodwi sa ki fèt ak manyòt anmè, kasav. Yo manje l ak manba lè sa yo pale de wayal, nan kapital la yo konn met bè, fwomaj men andeyò a nou pran l ak zaboka, ak fig menm ak sòs. Ann kore pwowi lokal yo. Bon sole...
1
29
Salouwe konpatriyòt yo, lasante se richès, se pou yon komin ta dwe gen on lopital de referans men an atandan yo gen sant sante sa nan Boukan ki ap desèvi komin nan. Mwen menm mwen tj wè vè a a mwatye plen mw konnen sa pa sifi pou popilasyon an men ann apresye sa n genyen...
1
25
Chak jou kap pase wap vin pi mati, ou aprann de erè w epi w avanse. 58 mwa apre malgre jan peyi a ap vire a nou pa totalman satisfè men nou fè ladiferans kote anpil lòt echwe. Nou pap vante tèt nou di n pi bon men lonjevite n pale pou nou. NOVA ap tj bò kote w pou l fòme ak enfòm
1
22
Salouwe konpatriyòt yo, maten an la nou nan 4e seksyon Loran, 90% moun Baradè konn kote sa paske se estasyon an. Depi w rive la ou gentan santi w lakay ou menm si ta pral moute mòn Tèminis, mòn Senneye, mòn Prentan etc... ou deja santi w lakay ou, "verdure" yo, machann yo...
Salouwe konpatriyòtyo, ayayay tradisyon yo fin ale vre. Konbyen nan nou moun 3e Fontòti ki sonje ki sonje Ti granpas kote ki konn gen anpil pèch kribich. Dlo a sanse tounen on ma kounye a akoz ewozyon an, pèp la koupe pye bwa yo twòp. Se moman pou Leta ba yo lòt altènativ...
Salouwe konpatriyòt yo, jodi a nap prezante w on lokalite ki fètil anpil, Nikola, ou pase sou Kòlvèt e se menm wout la ki mennen w sou waf la tou. Li te konn bay anpil mazonbèl men w konnen ke pwodui sa disparèt menm jan ak kokoye a ki ap pran anpil kou.
2
Salouwe konpatriyòt yo, pagen devlopman san lòd, se pou sa maten an mwen vle rann yon omaj ak fòs lòd yo ki tabli sou preskil la. Sa wap gade la li desèvi yon popilasyon de plis ke 5000 abitan, prèv ke pèp la pa si vyolan ke sa e PNH la ap travay ak zong. Nap swete yo jwenn sipò
3













