Tchuipssss 😂😂😂😂😂😂
•>Nan ATIK - X (Ancien tweeter).
•W ap jwenn , Nouvo LWA-ADO : FÒK OU GEN PRENSIP !
1) AVÈTI MOUN nan , avan w RELE l , avan w EKRI l , avan w DEPLASE al KOTE l.
Nenpòt MOUN nan , li mèt se MANMAN w , w ap pase wè , AVÈTI l avan.
Li mèt s on MOUN ki DWE w k ap pase PEYE w , pa TOUCHE si l pat AVÈTI w l ap pase.
2) Pa vyole lwa sa pou Ado pa fè BUKELE fè ATIK pal la avè w !
Eske w wè de salté xitter.cf/rivaldodorival/status/…
Ou tande de kaka mesyeeeee
Epi moun isit ap pran pou GG a konsa wow 😂😂😂😂😂😂😂
Replying to @Standart45
Koze prensip lan s on bobin. Dayè miche di se pou patnè an Pa vin bat li nan FIFA ki lakoz li Pa louvri pou miche.😂🤦
Plis pase 20 lane patnè ak Le Jumelle, nou zanmi depi lò n potko menm konn sa zanmitay vle di
Epi pou m ta tcheke l lakay li, pou l ta ret ap gade m nan fenèt jis paske m pa t avèti l ke m t ap tcheke l
Mant Julienne pa t ap menm kite m manke l dega
Ps:mant Julienne c manman l
Ala mw depi m rele Radjiv li pa reponn mw, m pa panse c stil l ap fè sou mw
M jis verifye si c nan wikenn nou ye, epi m konkli ke c sou kokorat la sou 🤷🏿♂️🤷🏿♂️🤷🏿♂️🤷🏿♂️
Donk konn ak kiyès nou nan zanmitay la c kle a 🗣️🗣️🗣️😁😁
Bro m ap pale la de boul grenn, zozo w, yon frè ki konn anpil bagay nan lavi w, ki respekte w e ke w respekte tou ki konn fizo orè a e konprann si w pa pikòp, c paske w okipe osnon w ap repoze w
men koze pou l rele w fò l mete yon appointmant nan
Yooowwwww 😩😩😩
San prensip men kijan pou w fè sa kounya : Simeyon m ap rele w vandredi a 3:45 ça te va bro?
😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂
Ala de salté
Ala de malpwòpte mezanmi 😂😂😂😂😂😂😂
M pa wè sa moun yo pa vle admèt la, tout bagay la c nan nivo nou alèz la 🤷🏿♂️
Moun ou alèz ak li tout bon an,w ap toujou mande l pou l dakò k prensip ou wi, men w ap respekte moun nan ase tou pou w fè ekilib la
SENP
Relem nenpot lè , mpa care
Men vin lakay mw sanm pa konnen , ou riske pa jwenn mwen.
Men’m pap fache pou sa. Gen yon Jan yon moun alèz ak ou, Li k jis bò lakay ou e tou anvi pase wèw , men bay yon apèl pou pa fè kòve.
3em mw son moun ki paranoid , Depim pat gen randevou pòt la ap kraze , mk pa souke . Bon chans konnya gen kamera , sim Wè sa ka chanje bagay yo.
Li klè ke g on jan misye pa wè patnè a, sinon prensip sa pa t ap kenbe vre
Lè zozo w tcheke w ou met okipe w ap resevwa l pou w di l sa 🤷🏿♂️
E sa k patnè a wi, yon nèg ou konnen w ka konte sou li 👊🏿👊🏿
Replying to @Standart45
M gon patnè m ki tcheke m a 3h nan maten, sa k pi red la, msye se le l devan pot la li rele m nan telefon wi, m resevwa l, se madanm li k ap ba l drama epi l kouri kite kay li. Sendomeng frajil, si w al fe drama ak fi, me ou menm prizon. M selman di l te dwe rele m depi nan wout














