
CEO @harmonyfinancialsystem📊📈📉Expert in trading, Binary Options, Forex and mining bitcoin. Account manager/ Cryptocurrency analyst💹
Haiti
Joined March 2011
- Tweets4.2K
- Following2.2K
- Followers341
- Likes3.2K
Si nan moman sa la mwen ta okupe yon post nan peyi a tankou directeur la police , ministre défense mwen tap juste remet demisyon mwen avek anpil lot post anko
12
Léano THEARD retweeted
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
Bagay tout moun ap fe podcasts la, tout moun c directeur d’opinion an bagay la pap kpab kontinye konsa nn. Mezanmi Mezanmi
14
Mwen genyen yon ti refleksyon tou piti mwen tap fè maten an, poukisa Bukele poko janm mete idantite 4 solda yo sou X? Mwen di banm eseye pataje sa avek @AdoAdo02
7
Léano THEARD retweeted
Anpil moun pa konprann jan pwoblèm sekirite an Ayiti konplèks, ni kantite fòs ak gwoup ame k ap opere sou teritwa peyi a jodi a.
Lis sa a ka gen erè oswa mankman, men ann eseye fè yon ti envantè moun ki gen zam sou ti bout tè Dessalines nan.
I. Fòs sekirite ayisyen
1. PNH – Polis Nasyonal Dayiti (SWAT, UTAG, BOID, BRI, UDMO, CIMO, BLTS, POLIFRONT)
2. FAd'H – Fòs Ame Dayiti
3. BSAP – Brigad Siveyans Zòn Pwoteje
II. Fòs entènasyonal ak kontraktè prive
4. GSF / FRG – Fòs entènasyonal pou represyon gang (Kenya, El Salvador, Gwatemala, Jamayik, Chad, Sri Lanka ak lòt peyi ki patisipe oswa ki anonse kontribisyon)
5. Vectus Global – Konpayi Erik Prince, fondatè Blackwater
6. Misyon espesyal El Salvador (Bukele), nan kad rechèch militè Salvadorien ki disparèt yo
III. Lòt gwoup ame sou teren an
7. Brigad vijilans ak mouvman Bwa Kale
8. Konpayi sekirite prive ayisyen
9. Gwoup oto-defans lokal
IV. Gang ame ak rezo konplisite
10. Viv Ansanm, Gran Grif ak lòt gang ame
11. Rezo trafik zam ak finansman gang
12. Polisye ak lòt ajan sekirite ki nan konplisite ak gang yo
Pèp la 2 bra balanse!
Si gen lòt fòs oswa gwoup ame mwen bliye, ede m konplete lis la.
