Fòk nou sonje tout moun ki te kont misyon Bukele ann Ayiti depi nan kòmansman, ansanm ak sa ki te chwazi rete an silans. Lè wout yo kòmanse libere, chèf gang yo tonbe, moun ka sikile san kè sote, nou pap kite menm moun sa yo vin selebre yon bagay yo te kont oswa yo pa t janm soutni. Nou pap bliye!
Bare yo!
Yon moun itilize sò pèp la poul solidifye fiti karyè l nan ide pou bay pèp la sa yo bezwen,kou l jwenn li li rale kòl nan swadizan lit la,kounya kou pèp la ap Jwenn sal te byen byen byen bezwen an,li re re re rale kòl.
Bruh!! You can’t make this sh*t up! Lol
Antouka!!🇭🇹💙🇸🇻❤️🔥
M revann ticket match la Paske m pat vle al poukòm! Wi kabrit yo panse ki gen anpil mèt mouri nan solèy vre. I swear! Lol
Good luck to the grenadiers!! 🇭🇹 ❤️💙
M ta renmen non selman ankouraje jèn kap viv an Haiti enpotans eleksyon ki pral vini la,men tou aprann de yon kandida ase pou m gade sim ka voye jenn al vote l,menm si m vrèman doute si map konfòtab ase pou yon angajman pèsonèl konsa.
Men vote a vrèman enpòtan,m pa ta renmen jenerasyon kap vin la kontinye viv sa pam nan te viv e ap viv la….🇭🇹❤️
Gen yon bon prezidan,yon bon gouvènman se yon lux li ye,yon Danre ra,m pa konn Kijan pou m ta dekri sa!!! 🗣️🗣️🙏🏽🙏🏽
6
1,477
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🙏🏽🙏🏽🙏🏽🙏🏽 Mèsi
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
1,429



















