Pinned Tweet
Lè nap gen pou n pran direksyon chanjman ke Ayisyen ap reve sa gen kèk tan, l ap enpotan anpil pou n genyen yon elit ki non selman konsyan ak responsab, men ki ka panse e aji nan enterè Ayisyen.
1- Nou pa bezwen yon elik ekonomik ki wè chak grenn konkiran kòm yon ènmi, men ki kwè nan konpetitivite. Menm si n ap dakò tou gen yon ansanm byen ak sèvis ki gen esklizivite pou yon ansanm rezon ke nou pap fòseman antre ladan yo.
Nou sipoze mete anpil aksan sou kijan kategori moun sa yo konprann e konsidere teritwa y ap evolye ladann nan. Pa egzanp, lè moun nou rele boujwa yo fin fè tout aktivite yo nan semèn nan, depi weekend nan rive yo fè tikè pou al pran lwazi nan yon peyi etranje, paske se la tout fanmiy yo ap viv. Ki donk, moun sa yo jis konsidere Ayiti kòm yon espas tranzaksyonèl. ( Germain, 2021, 37:40, Entretien avec RTVC). Paske enfrastrikti lekòl, lwazi… pa entèrese yo. Dayè, pitit yo pa lekol nan espas sa, madanm yo pap travay la, an jeneral fanmi yo ap viv nan peyi etranje.
Atansyon !! Sa pa vle di ke m ap eseye defini ki kote oubyen kijan yon moun ka pran lwazi l. Men, fason yo wè espas la twò rediktif. E se la elit politik la dwe pran responsabilite l nan mete bon jan kondisyon.
2- Elit Entèlektyèl (EE) la pata dwe dekonekte ak pèp la oubyen ak reyalite pèp la. Nan sans sa, nou pa bezwen yon EE ki gen ladanl “Entèlektyèl kolonize (EK)” jan Umar Timol (2020) tap dekri l la ;
a) k ap jije pwòp pèp li selon kritè peyi kolon yo, paske nan tèt li idantite, kilti, istwa ak tradisyon peyi sa yo se mezirèt la. Li gen tandans enferyorize oubyen voye jete tout sa ki gen rapò ak kote l te fèt la. Pa egzanp vodou, rara…
b) ki panse ke pale yonn ou plizyè lang etranje se yon siy entèlijans ak reyisit, paske selon EK a, lang kreyòl la siyifi mank edikasyon, ki donk echèk.
c) ki chaje teyori peyi kolon yo nan sèvèl li tou fèt, epi ki panse yo aplikab e vin depoze yo po pou po lè lap fè deba. Paske, nan lide l, etiyde nan gwo inivèsite kay kolon an bal tout dwa ak pouvwa sa.
An reyalite, lide a se pa pou voye jete oubyen inyore otomatikman tout sa ki soti kay kolon an, men EE la dwe fè prèv responsabilite, konsyans ak bon entèpretasyon reyalite pèp la fas a chak grenn modèl oubyen teyori kel vle aplike.
N.B : pa pale de lòt kategori elit yo, pa otomatikman vle di ke m inyore enpòtans yo. Men pito mwen te jis vle gade elit ekonomik ak entèlektyèl yo.
Références Bibliographiques
1-Timol, Umar. « Portrait de l’intellectuel colonisé ». Le Club de Mediapart, 22 septembre 2020.
2-Germain, Enomy. «Entretien accordé à RTVC ». 14 avril 2021.
65
Enjoy bro 😎
Joyeux anniversaire, @DregisMarv ! 🥳🎉
Aujourd’hui, nous célébrons une personne qui apporte sa présence, son énergie et sa participation à TABLE RONDE. Merci pour ton engagement et ta contribution aux échanges qui font vivre cet espace.
Que cette nouvelle année t’apporte de belles opportunités, de nouvelles expériences et beaucoup de réussite dans tes projets.
Continue de faire entendre ta voix et de contribuer à la richesse de nos discussions.
Happy Birthday, Deeno ! 🥂
Yon ti relax bò tab chè a !☺️
Lè nou pale de FANTAS, nou antre nan yon dimansyon entim nan lespri moun, kote imajinasyon, dezi, emosyon ak pwojeksyon konn fè kòkòday.
FANTAS se yon reprezantasyon mantal yon moun kreye, swa sou yon sitiyasyon li ta renmen viv, yon dezi li pa janm ka eksprime oswa yon senaryo ki jis eksite kiryozite li, anyen anplis.
Lè SIKOLOJI marye ak SEKSYALITE, Fantas kapab gen rapò ak dezi seksyèl, relasyon afektif, pouvwa, dominasyon, soumisyon, elatriye. Men, gen yon distenksyon enpòtan nou dwe fè :
IMAJINE YON BAGAY KONN PA VLE DI NESESÈMAN NOU VLE REYALIZE LI oswa gen fèm entansyon pou n pase alaksyon.
Sa pouse nou poze kèk kesyon enteresan :
ÈSKE AK SANPOUSAN FANTAS YO REFLETE VRÈ DEZI NOU ?
ÈSKE NOU TA DWE PATAJE TOUT FANTAS NOU GENYEN AK PATNÈ NOU ?
ÈSKE GEN FANTAS KI KAPAB KONSIDERE KÒM NÒMAL EPI GEN LÒT KI ANÒMAL ?
KI KOTE LIMIT KI SEPARE IMAJINASYON AK REYALITE A YE ?
Jodi a, objektif nou bò tab la se pa jije fantas pèsonn, men pito konprann fenomèn nan, eksplore dimansyon sikolojik li, sosyal li ak seksyèl li, pandan n ap respekte opinyon diferan yo.
KI FANTAS OU ? KIJAN SA FÈ W SANTI W NAN PO W ?
TABLE RONDE, se espas ou bezwen pou w pale de sa a. Vini jwenn nou aswè a a 9è boul.
Vin ak lespri w ouvè, se SEXNIGHT !
#tableronde #fantasme
Wi, men jodia se tout ekip la ki pa bon mèt Bobo.
1
1
121
Apre w fin bat tout ti kreten nan vil la, Ou vin lakay mèt la, ou jwenn li chita ak fanmi l byen pwòp ou vin mande l challenge, malgre li refize ou fòse l ou rele l lach jis paske w vle fè wè kew fò, se ou ki mèt la. Ebyen sa te fini trè mal.😂
An jwèt konsa fok mwen al regade fim sa anko.🤭
83
Mwen te panse fè yon tweet konsa ak menm agiman ki ta pral baze sou aspè “senbolik” la, kise yon agiman enpotan e fè anpil sans tou. Paske lè nap pale de senbòl li gen yon ansanm bagay li charye deyè l.
Pa egzanp, yon etidyan ki rive antre INAGHEI, FLA, FDSE…. l ap santi se yon fyète, paske pou li, antite sa yo se kòb taks manman l ak papa l kite kreye yo oubyen finanse yo nan yon dimansyon oubyen yon lòt. Li difisil pou etidyan sa pa choke e manifeste santiman laperèz, lè lap gade kisa enstitisyon sa yo vin tounen jodi a. (Mwen vle fè referans ak plizyè videyo kap sikile nan denyè jou sa yo). Pafwa, genyen malgre yo fini yap travay, sete toujou yon plezi pou yo pase nan espas sa yo, vin bay blag, trip elatriye.
Gen ladan yo ki konn menm konsidere espas sa yo kòm kwa se pou yo. Dayè se yonn nan rezon ki fè gen anpil kite chwazi rete domi nan antite sa yo lè matisan ak plizyè lot zone te bloke…
Nou petèt pa rann nou kont de sa, lè gang yo rive itilize lajan kidnapping, vòl machandiz, brake moun elatriye pou bati gwo Kay sa yo, senbolikman Kay sa yo siyifi:
1) kontwòl pouvwa ; 2) kontwòl teritwa ; 3) rekonesans sosyal ak 4) memwa kolektif.
Ki donk, nan kad yon batay anti-gang, lèw rive kraze espas sa yo, ou pa selman kraze l fizikman ( blok, fè, siman…) men tou se tout yon ansanm de senbòl ke w kraze.
Apre agiman senbolik la, nou te ka bati yon lòt tip agiman ki chita sou estrateji nan batay anti-gang yo. Mwen pa espesyalis nan koze lagè, men operasyon yo gen tout estrateji sa yo ladanl tou.
PÒS SA AP LONG
Pandan jodi 18 novanm 2026 la, nou wè videyo kote fòs lòd ki sou teren an ap kraze kay chef gang Jeff gwo lwa, gen anpil moun k ap poze kesyon e pami yo gen kesyon sa:
ÈSKE NOU DWE KRAZE KAY GANG YO OSWA TRANSFÒME YO?
Nan pòs sa, nou pral eseye reponn avè l e montre poukisa li ENPÒTAN pou kraze yo
Lè n ap pale de batay kont gang, anpil fwa se zam, minisyon, operasyon sekirite ak kapasite konba nou konsidere pandan nou souvan neglije youn nan dimansyon ki trè enpòtan ladan l ki se: DIMANSYON SENBOLIK LA
Yon drapo, yon logo, yon anblèm, yon inifòm, yon koulè e pafwa menm yon eslogan kapab reprezante plis pase yon senp siy pou idantifye yon gwoup. Pou gwoup oswa òganizasyon ame yo, senbòl sa yo kapab sèvi pou konstwi idantite yon gwoup, montre fòs yo, pwopaje ideyoloji yo pou rive fè popilasyon an santi yo gen kontwòl sou yon espas
Paske se pa sèlman ak zam yon gwoup ame chache enpoze otorite li. Li sèvi ak imaj, senbòl, mesaj pou fè moun kwè li gen pouvwa, li la pou l dire e pèsòn pami ka konteste pouvwa l
Gen yon etid ki te pibliye an 2018 nan jounal syantifik Poetics, yo te montre kijan òganizasyon teworis yo sèvi ak reprezantasyon vizyèl pou konstwi idantite yo epi fè pwopagann pou ideyoloji yo. Sa dwe montre nou jan senbòl yo pa la kòm dekorasyon men pito, yo fè pati fason òganizasyon an prezante tèt li epi enfliyansye moun
Se poutèt sa, lè yon sosyete ap konbat gwoup ame, li dwe reflechi sou kijan pou l rive konbat yo nan nivo senbolik yo tou.
POUKISA LI ENPÒTAN POU DETWI YO?
Lè senbòl yon gwoup anvayi lari, kay ak yon seri espas (piblik tankou prive), sa kapab bay enpresyon se gwoup sa ki mèt espas la, fè vyolans parèt tankou yon bagay nòmal pandan popilasyon an ap viv nan laperèz, elatriye
Se sa k fè retire senbòl sa, pa sèlman se efase yon logo, pa itilize yon eslogan, etc men se yon fason tou pou refize aksepte vyolans kòm yon sistèm otorite
Men gen yon pyèj pou n pa tonbe ladan l, ki se PANSE DETWI YON SENBÒL SE DETWI IDEYOLOJI KI DÈYÈ L LA
Yon logo ka disparèt, yon drapo ka retire men rezo, kwayans ak mekanis ki te pèmèt òganizasyon an egziste ka toujou egziste e enpak yo ka pran plizyè lane avan yo rive efase toutbon vre
Men aspè ki pi enpòtan an, se LETA DWE RETABLI OTORITE L ATRAVÈ PWÒP SENBÒL PA L YO tankou drapo nasyonal peyi a, enstitisyon yo tounen nan espas la ak tout sa ki reprezante leta paske peyi a p ap reprann diyite l jis paske senbòl gwoup gang yo kraze men lè leta kapab retabli otorite l kòmsadwa
N ap kanpe la men nou ka lanse deba a, poze kesyon, bay opinyon nou e se ap toujou yon plezi pou n echanje
Neg isit pa konn bliye fasil non.🤣
Broh konnya ann imajine pou yon segond tweet sa ta pase nan TL Bukele epi lap li l, Kijan lap fè konnen sa “Mirandye” vle di? 😂😂
M pat janm pale nan koze Bukele a , poum onèt m pat gen espwa ankò , se toujou nan Miradye yo konn pase nou
M sibi menm jan tankou nou , m anvi chanjman menm jan tankou nou , se sak fèm pat vle pou se toujou menm fo espwa yo
Men Konya li m kwè tout bon 🔥😂 Bukele mèt peyi🫡
1
121














