Web509 (@web509_llc) header
Web509 (@web509_llc) profile picture

Your trusted partner for immigration paperwork, business growth, and custom web development. Fast, accurate, reliable support — no legal services, only document

USA
Joined August 2020
Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)Photo by Web509 (@web509_llc)
#Update: Depi ou gen yon azil annatant epi ou te aplike pou kat travay C08 pou premye fwa, ou se yon manm Rosario Class Action. USCIS te fè yon rapèl sou pwosedi sa a ankò nan dat 26 Dawou ki sot pase la. Si USCIS poko pran desizyon sou premye aplikasyon C08 ou aprè 30 jou, ou dwe fè yon Rosario "inquiry" epi mande USCIS trete aplikasyon an selon pwosedi Rosario yo. Dapre eksperyans nou, metòd sa bay bon rezilta lè demann lan byen prepare epi byen adrese. #ead #nwirp
2
2
19
5,654
#Update: Aktyèlman, gen yon sitiyasyon kap pase nan tribinal imigrasyon: yo konn chanje dat ak lè odyans yo rapid, e sa ka kreye anpil konfizyon. Men pi gwo danje a se lè yon moun pa prezante nan odyans li. Sa ka lakòz jij la bay yon removal order in absentia, sa vle di yon lòd depòtasyon paske ou pat prezan sa ki ka fini trè mal. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou w toujou verifye dat ak lè odyans ou epi pran tout avi tribinal la oserye. Guys, lawyer up! Pa jwe ak dosye tribinal nou.
2
7
1,858
#Update: Apati 18 septanm kap vini an, USCIS pral sèlman aksepte nouvo edisyon Form I-485, Application to Register Permanent Residence or Adjust Status, ki gen dat edisyon 09/18/26. Nouvo fòm lan revize pou l konfòme ak nouvo règ sou “Public Charge.”la. Si w itilize ansyen edisyon 01/20/25 la nan dat 18 septanm oswa aprè, USCIS ap rejte li. Donk, se tan wap pèdi. Atansyon: Menm si nouvo fòm 09/18/26 la deja disponib kòm preview, pa itilize li anvan 18 septanm 2026, paske USCIS poko ap aksepte li avan dat sa a. Mwen pale nou wi, Toma!
1
2
17
3,288
#Update: Anpil moun resevwa yon referral, yon NOID, oswa yo wè dosye yo transfere devan Tribinal Imigrasyon, epi yo panse tout bagay fini. Non. Pi gwo danje a se pa toujou desizyon an... se pa konprann ki etap pwosesis la rive. Se poutèt sa pataje videyo sa a. Li eksplike tout chemen yon dosye azil an 10 etap, depi "Affirmative Asylum" rive "Defensive Asylum", pou w konnen sa kap pase, sa ki ka vini aprè, ak kijan pou w prepare tèt ou. Mwen garanti w: si w byen konprann videyo sa a, wap gen mwens estrès, wap pran pi bon desizyon, epi wap pi byen prepare pou fè fas ak pwosesis la. Youn nan pi gwo fòs sistèm imigrasyon ameriken an se ke li bati sou lwa ak pwosedi. Souvan, gen plis pase yon chemen ki disponib pou yon moun ki bezwen pwoteksyon. Lè w konprann pwosesis la, ou mete tèt ou nan pi bon pozisyon pou itilize dwa ak opòtinite lalwa ba ou. Pa kite laperèz oswa rimè deside pou ou. Konprann pwosesis la anvan ou tire konklizyon. -------------- For educational purposes only. Not legal advice. Wout azil soti nan Afimatif rive nan Defansiv: 👇
1
11
1
37
4,707
#Update: Lè m ap klewonnen pou fè nou konprann depi ou gen yon estati tankou TPS ki toujou valid, epi ou aplike pou azil avan li ekspire, ou ka satisfè sa yo rele “extraordinary circumstances”, se te pou yon rezon. Jodi a, dokiman “à l’appui”. Zanmi sa a te resevwa yon NOID, men ofisye imigrasyon an rekonèt ke TPS li a, ki pat ekspire nan dat li te depoze demann azil la, te konsidere kòm yon “extraordinary circumstance.” Kòm sa se yon dokiman ofisyèl, mwen panse nou gen plis rezon pou nou konprann epi kwè sa m te di a. Pa pran okenn desizyon sou dosye imigrasyon ou sèlman sou sa ou tande oswa li sou entènèt. Chak ka diferan. Avan ou abandone yon opsyon oswa pran yon gwo desizyon, chita pale ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan legal ki kalifye pou evalye sitiyasyon pa w la. #Eksploration
1
6
21
4,935
#Update: Sanble #USCIS ap fè fas ak kèk pwoblèm teknik kounye a. Nou remake plizyè aplikasyon ap montre enfòmasyon ki pa koresponn ak dosye yo. Pa egzanp, nan screenshot ki anba a, yon aplikasyon I-765 (C08) pou kat travay anba azil parèt ak deskripsyon yon Fòm I-90 (ranplasman kat rezidans), pandan resi a menm montre Class Requested: C08. Daprè sa nou remake, li ta kapab yon "server overload", paske nou jwenn kèk mesaj "500 Errors" ansanm ak kèk "Timeout" atravè sistèm nan. Nou espere USCIS ap korije pwoblèm sa a byento. Pou kounye a, pa panike si w remake kalite erè sa yo sou kont ou. #USCIS #Asylum #EAD
1
3
6
4,473
#Update: Kòm mwen konnen sitiyasyon aktyèl la mete anpil nan nou nan chèche avoka, epi nan moman sa a avoka imigrasyon yo ra kou lò blan. Si nap negosye ak yon avoka pou reprezante nou, mwen pa antre nan pri sèvis yo. Men, asire nou poze kesyon sa a: Èske w ap pran dosye a depi nan etap afimatif la rive jouk nan tout pwosesis defansiv la, si sa ta nesesè? Sa enpòtan pou nou konnen egzakteman ki sèvis ki kouvri nan kontra a, pou nou pa retwouve tèt nou san avoka nan mitan pwosesis la.
3
10
2,943
#Update: Nan pèdi tan pou fè Ajisteman Estati w (I-485), tan ka travay kont ou. Pa egzanp, gen moun ki te deja kalifye pou depoze dosye yo, men yo pran twòp tan. Pandan reta a, maryaj la kraze, yo divòse, oswa yon lòt chanjman rive ki fè yo pa kalifye ankò. Lè ou kalifye, pa neglije eksplore opsyon ou yo san pèdi tan. #Eksploration
2
3
11
2,530
#Update: Si ou pat voye demann kat travay I-765 (c)(9) la ansanm ak pake I-485 ou a, sa pa vle di w pa ka fè l ankò. Depi I-485 ou toujou annatant, ou ka toujou depoze I-765 (c)(9) la men gen yon fason trè entèlijan pou w fè sa pou li pa rejte epi pou li jwenn trètman li merite. #exploration
2
2
7
4,684
#Update: Anpil moun pat fè sa yo te dwe fè akòz yo te swiv konsèy fanmi, zanmi ki konpòte tèt yo kòm gwo avoka devan Katedral, oswa kèk moun ki fè tèt yo pase kòm ekspè sou Tiktok epi tonbe nan UPL ( Unauthorized Practice of Law) ki lakòz moun yo plis pè ke konprann.
1
2
12
4,588
Sonje byen, menm lè yon avoka ap fè yon live sou TikTok oswa lòt rezo sosyal, li sitou ap pataje enfòmasyon jeneral sou lalwa; sa pa ranplase konsèy legal pèsonalize. Vrè konsèy legal fèt lè avoka a revize dokiman ou, analize sitiyasyon w, epi konseye w selon reyalite dosye w lan. Nan imigrasyon, chak ka se yon ka. Menm si ou se marasa oswa ou gen menm estati ak yon lòt moun, rezilta ak estrateji legal yo ka diferan. #Eksplorasyon
3
6
1,388
#Update:Kèk fwa moun kap ba w rezidans lan (mari oswa madanm) konn abize w fizikman, sikolojikman, mete rad ou deyò, elatriye. Men Kongrè Ameriken an te panse ak sa: li kreye #VAWA an 1994, kote moun ki abize a ka fè yon petisyon poukont li pou l gen rezidans, san moun kap abize l la pa menm konnen. Sa se yon lòt wout pou rezidans anpil moun pase ladan l. Si w ap viv yon sitiyasyon konsa, konsilte yon avoka...
1
3
18
5,360
📢PUB | #Update: Genyen anpil aplikan ki fè azil nan tribinal imigrasyon, men malerezman, yo pa gen yon kopi dosye yo te depoze a, oswa moun ki te asiste yo pa janm voye l ba yo. Common Sense ! Kijan w ap fè konnen kòman pou w reponn kesyon Jij la si w pa gen chans revize dosye a ? Senp ! Pou anpil ka, ou ka jwenn dosye pa w nan tribinal la sou entènèt, san w pa bezwen fè yon demann FOIA. #EOIR #Asylum
2
5
4,904
#Update: Genyen anpil aplikan ki fè azil nan tribinal imigrasyon, men malerezman, yo pa gen yon kopi dosye yo te depoze a, oswa moun ki te asiste yo pa janm voye l ba yo. Common Sense! Kijan w ap fè konnen kòman pou w reponn kesyon Jij la si w pa gen chans revize dosye a? Senp! Pou anpil ka, ou ka jwenn dosye pa w nan tribinal la sou entènèt, san w pa bezwen fè yon demann FOIA. #EOIR #Asylum
2
3
575
Happy Father’s Day to all dads in our customers family. 🕴️
🤖 Made with AI
222
Pi bon fason pou rete konekte avèk nou 24/7 se atravè chat nou an. Konekte ak nou nenpòt ki lè pou jwenn sèvis rapid, repons a kesyon ou yo, ak sipò ou bezwen an. Mèsi dèske ou fè nou konfyans. web509.com/chat/
3
3
419
📢PUB | #Update: Anpil fwa se yon ti neglijans ki lakòz « Asylum Clock » kèk moun ki gen dosye azil nan Tribinal Imigrasyon bloke. Pafwa se Tribinal la ki fè neglijans la, pafwa se fòm I-589 lan ki pat byen ranpli. Antouka, kèlkeswa pwoblèm nan, se ou menm ki pou chèche solisyon an. @web509_llc Bezwen èd nou 24/7? Chat ak nou: 👉🏾web509.com/contact/ See less
2
8
976
#Update: Anpil fwa se yon ti neglijans ki lakòz "Asylum Clock" kèk moun ki gen dosye azil nan Tribinal Imigrasyon bloke. Pafwa se Tribinal la ki fè neglijans la, pafwa se fòm I-589 lan ki pat byen ranpli. Antouka, kèlkeswa pwoblèm nan, se ou menm ki pou chèche solisyon an. Bezwen èd? Chat ak nou: web509.com/contact/
4
5
486
We're hiring! Join the @web509_llc team and help make a difference in the lives of immigrants through support, technology, and innovation. -Remote Opportunity -Independent Contractor 🇭🇹 Preference for candidates in Haiti Apply today: web509.com/we-are-hiring/
2
2
6
662
⭕️URGENT: Dat randevou tribinal imigrasyon ou ka deja chanje jodi a, epi pèsonn pap rele w oswa voye yon lèt pou fè w konnen sa ! Pran tan w gade videyo sa a, @web509_llc pote pou nou : 📞 561-485-7357 🌐 web509.com
7
15
3,442